Close

Kesyon Manm Yo Poze Souvan (FAQ yo) Kreyòl Ayisyen

Byenveni! Chak videyo ofri yon vwa an angle ak youn an panyòl. Pou rann li pa fasil pou ou , genyen yon transkripsyon tou ou kapab li ak enprime ki an angle, panyòl, kreyòl ayisyen, chinwa ak ris. Klike swa sou lyen English (angle) a oswa sou lyen En Espanol (an panyòl) la ki nan Bwat Ti Foto a. Kou Video Player (Lektè Videyo) a parèt, klike sou bouton pou kèlkeswa lang ou vle li ak/oswa enprime a.

Jwe Tout FAQ yo.  [3:24]

    Entwodiksyon Sou Kesyon Manm Poze Souvan

Kòmanse fè rechèch ou a la a  [0:32]

Eksperyans nou montre nou souvan moun ki ap panse pou enskri nan Amida Care poze kesyon an patikilye SAYO. Kòmanse fè rechèch ou la. Nou swete repons yo pral itil ou.

Si ou genyen nenpòt lòt kesyon oswa pwoblèm konsènan Amida Care ak tout diferan fason nou kapab ba ou sèvis yo, tanpri fè nou konnen. Pa bliye, nou la pou ede ou Viv Vi Ou.  Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nou nan 1-800-556-0689. Oswa, si pou prefere, voye yon imèl.

1 .Èske mwen ap pèdi Medicaid mwen si mwen enskri nan Amida Care?

Èske mwen ap pèdi Medicaid mwen si mwen enskri nan Amida Care?  [0:39]

Wap toujou  genyen Medicaid -- ak tou sèvis ou bezwen yo. Panse konsa: Amida Care vin tounen konpayi asirans ou sou Swen Kodòne Medicaid (Medicaid Managed Care), epi nou peye pou pifò nan swen sante medikal ak mantal ou yo, tankou vizit kay doktè ak swen nan lopital. Pandansetan, Medicaid regilye ap peye pou medikaman ou, swen pou dan ou, COBRA kòdinasyon dosye ak tretman pou abi dwòg ak alkòl nan yon sant tankou Jesyon Methadone ak Tretman Lajounen -- si ou bezwen li.

2. Èske Doktè Premye Swen mwen an pral konprann bezwen espesyal mwen yo?

Èske Doktè Premye Swen mwen an pral konprann bezwen espesyal mwen yo?  [0:34]

Kòm yon Manm Amida Care ki Sewopozitif pou VIH, nou garanti ou yon Doktè Premye Swen ki se yon espesyalis VIH ki kalifye.  Epi tou, nenpòt espesyalis ou al wè pral voye tout rezilta yo jwenn bay Doktè Premye Swen ou a dirèkteman. Annik chwazi Doktè Premye Swen ou a nan rezo Doktè Amida Care a.

3. Èske map toujou kapab al wè doktè Premye swen mwen ap wè kounye a?

Èske map toujou kapab al wè doktè Premye swen mwen ap wè kounye a?  [0:30]

Wap kapab -- si doktè ou a ap patisipe kòm yon Doktè Premye Swen nan Plan Amida Care a. Li trè fasil pou konnen si doktè ou a fè pati rezo Amida Care a. Annik rele nou--nenpòt le, nan 1-800-556-0689, epi nou ap di ou byen vit.

4. Èske Amida Care ede mwen ak zafè lojman tou?

Èske Amida Care ede mwen ak zafè lojman tou?  [0:28]

Amida Care se yon plan sante - ki genyen sèvis kòdinasyon swen espesyal ki konsantre nan bezwen espesyal pou moun ki ap viv ak VIH/SIDA, ak pitit yo. Malgre nou pa yon pwogram lojman tankou HASA, nou toujou ede Manm yo kote nou refere yo bay òganizasyon ki pou zafè lojman ak sèvis soutyen.

5. Èske Amida Care se yon HMO? Èske gen yon limit sou kantite sèvis ou kapab resevwa?

Pa genyen okenn videyo pou Kesyon 5.

Amida Care se yon Plan Bezwen Espesyal (SNP). Pa genyen okenn limit sou swen Manm yo kapab resevwa depi li nesesè medikalman. Nan Amida Care, nou kwè li enpòtan pou moun kontinye resevwa swen regilyèman ak siveye VIH la pou rete an sante. Nou vle Manm nou yo jwenn tout swen yo bezwen.

6. Èske map bezwen peye yon kotizasyon lè mwen al kay doktè?

Èske map bezwen peye yon kotizasyon lè mwen al kay doktè?  [0:25]

Ou mèt bliye bagay kotizasyon an. Bagay sa yo fini! Kòm yon manm Amida Care, ou pa pral peye okenn kotizasyon pou okenn sèvis Amida Care kouvri. Nap peye lopital ak doktè yo dirèkteman. Ou pap peye yo senk kòb.

7. E si mwen deside kite Plan an?

E si mwen deside kite Plan an?  [0:43]

Pa gen pwoblèm. Nou fè tout sa nou kapab pou asire nou ou toujou satisfè tout tan. Alò si Plan an pa satisfè bezwen ou yo, rele depatman Sèvis Manm nou an. Li enpòtan pou ou di nou si genyen nenpòt bagay ou pa satisfè, pou nou kapab eseye rezoud nenpòt pwoblèm. Epi tou, si ou toujou vle kite Plan an; annik rele NY Medicaid CHOICE nan 1-800-505-5678. Yo pral mande ou pou chwazi yon lòt plan. Pandansetan, genyen anpil chans yo pral retire ou nan Amida Care premye jou pwochen mwa a.

8. Èske mari, madanm, oswa konjwen mwen kapab enskri ak mwen?

Èske mari, madanm, oswa konjwen mwen kapab enskri ak mwen?  [0:24]

Se sèlman majè ki genyen VIH/SIDA ki kapab enskri nan Amida Care. Sepandan, Manm ki paran oswa responsab timoun kapab enskri pitit yo -- kit yo genyen VIH/SIDA ou pa.

Pou gade plis videyo Manm Amida Care yo tanpri vizite Bibliyotèk Videyo Manm nou an.

Amida Care is a New York State sponsored HIV Special Needs Plan (SNP) that provides health care services for people on Medicaid living with HIV and their children. Amida Care services Manhattan, Brooklyn, the Bronx, Queens and Staten Island. Starting September 1, 2010, if you live in New York City, choosing a Special Needs Plan or a regular Medicaid managed care plan is mandatory for PLWHA. To learn more about HIV SNPs, call New York Medicaid Choice helpline at 1-800-505-5678. (TTY 1-888-329-1541)

© Amida Care, 2013 Amida Care, Inc., 800-556-0689
TTY 800-662-1220  |  info@amidacareny.org 
Privacy Policy  |  DONATE